top of page
Papsoo Muvex Logo.png
Ou ka fè 40 250G nan Petion Ville

*Lè ou fè 100 livrezon. Gade kondisyon an pa anba

Papsoo Messenger Delivry Driver.jpg

Pwòp orè ou.

Objektif ou.

Se ou ki bòs tèt ou.

Kisa ki Papsoo Muvex la?

Nou nan depatman Nò, Lwès, e Latibonit. Nou konekte moun ansanm, nou fè kominote yo vin pi janm, e nou fè kè moun kontan chak jou. Nou bay ti biznis ak chofè nou yo opòtinite pou yo ka fè lajan, travay, e viv. 

Kòm yon ajan Muvex, ou ka vin bòs tèt ou epi jwi fleksibilite nan chwazi ki lè, ki kote, ak konbyen lajan ou touche. Tout sa ou ap bezwen se yon mòd transpò ak yon telefòn (smartphone) pou kòmanse fè lajan. Li vrèman fasil.

Poukisa mwen dwe fè livrezon avèk Papsoo Muvex?
  • Fè lajan anplis pou objektif ou yo

  • Chwazi pwòp lè ou pou travay

  • Li fasil pou kòmanse

  • Konnen konbyen ou ap fè depi davans

*Òf sa a se pa yon pwomès oswa yon garanti sou konbyen wap gen pou fè. Òf sa a disponib sèlman pou nouvo chofè ki (i) pat janm enskri anvan pou kondwi oswa fè livrezon avèk Papsoo; epi (ii) fè 100 livrezon inik nan Petion Ville apre 30 jou ke li kòmanse. Si ou pa touche omwen 40 250G pou premye 100 livrezon ou yo nan 30 jou apre ke ou kòmanse, lè sa a wap resevwa diferans ki genyen ant 40 250G ak kòb ou a. Papsoo gen dwa pou kenbe oswa dedwi pèman ke li detèmine oswa kwè ke yo gen fwod, ilegal, gen erè, oswa an vyolasyon ak kondisyon chofè yo oswa kondisyon sa yo. Òf sa se pou yon tan limite. Òf ak kondisyon sa yo ka chanje nenpòt lè.

Salè tipik ou ka varye selon ki distan ou kondwi, kòmand kliyan, ak lòt varyab. Òf sa garanti yon sèl fwa, sa a pa ta dwe itilize kòm yon atant pou opòtinite salè nan lavni ak Papsoo.

bottom of page